Ezekiel 10:19
Bèt vivan yo louvri zèl yo. Yo vole soti sou tè a devan je m'. Epi wou yo vole ale ak yo tou. Y' al poze sou papòt pòtay tanp Seyè a ki bay sou bò solèy leve. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anlè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Lè sa a, bèl limyè prezans Seyè a soti bò papòt tanp lan, li al kanpe anwo bèt vivan yo.
20Mwen rekonèt se te menm bèt vivan mwen te wè anba Bondye pèp Izrayèl la bò larivyè Keba.
Cross References
Ezekiel 1:17paske wou yo te ka woule nan direksyon kat pwen konpa yo san yo pa t' bezwen vire.
Ezekiel 8:16Li mennen m' nan lakou anndan tanp lan. Mwen wè vennsenk nèg konsa kanpe bò pòt pou antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a, nan mitan lotèl la ak galeri a. Yo te bay tanp lan do. Fas yo vire bò solèy leve. Yo bese tèt yo byen ba, y'ap fè sèvis pou solèy la k'ap leve.
Ezekiel 11:1Apre sa, Lespri Bondye a pran m', li leve m' anlè, li mennen m' bò gwo pòtay tanp lan ki bay sou solèy leve. Toupre pòtay la, mwen wè vennsenk gason. Pami yo te gen de chèf peyi a, Jazanya, pitit gason Azou a, ak Pelatya, pitit gason Benaja a.
Ezekiel 43:1Nonm lan mennen m' bò pòtay ki bay sou solèy leve a.