Ezekiel 10:4
Bèl limyè prezans Seyè a leve anwo tèt bèt vivan yo, li al kanpe nan papòt tanp lan. Nwaj la anvayi tout tanp lan. Lakou a menm te klere ak gwo limyè prezans Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 40:35Moyiz pa t' kapab antre nan Tant Randevou a, paske nwaj la te rete anplas anwo tant lan, epi limyè prezans Seyè a te plen tant lan.
1 Kings 8:10Lè prèt yo fè sa y'ap soti nan pyès apa pou Seyè a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt.
2 Chronicles 5:13Lè tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kònen twonpèt, pou yo chante fè lwanj Bondye, pou di li mèsi, nan mitan bèl mizik yo t'ap jwe nan twonpèt ak senbal ak lòt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t'ap chante: Lwanj pou Seyè a, paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè sa a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt.
Ezekiel 9:3Lè sa a, gwo bèl limyè ki make prezans Bondye pèp Izrayèl la soti anwo tèt bèt vivan yo kote l' te ye a, li deplase, li al rete nan papòt pou antre nan tanp lan. Seyè a rele nonm ak rad twal fin blan an ki te gen poban lank mare nan ren l' lan.
Ezekiel 11:22Bèt vivan yo pran vole, wou yo pati ansanm ak yo. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anwo yo.
Ezekiel 44:4Apre sa, nonm lan fè m' soti nan pòtay nò a. Rive devan Tanp lan, mwen leve je m' gade, mwen wè Tanp Seyè a te klere nèt ak gwo limyè prezans Seyè a. Mwen lage kò m' atè sou fas.