Ezekiel 10:5
Yo te ka tande bri zèl bèt vivan yo jouk nan lakou deyò a. Se te tankou vwa Bondye ki gen tout pouvwa a lè l'ap pale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:19Twonpèt la t'ap kònen pi fò toujou. Moyiz t'ap pale, Bondye t'ap reponn li byen fò avèk yon bri ou ta di yon bri loraj.
Deuteronomy 4:12Seyè a rete nan mitan dife a li pale ak nou. Se bri bouch li ase nou te tande ap pale.
2 Chronicles 4:9Li fè yo bati lakou anndan an pou prèt yo ak gwo lakou a ak tout pòtay li yo. Tout pòtay yo te kouvri ak kwiv.
Job 40:9Eske ou gen menm fòs avè m'? Eske vwa ou ka gwonde tankou vwa pa m'?
Psalms 68:33(068:34) pou Bondye k'ap kouri chwal li nan syèl la, nan syèl ki la depi lontan lontan an. Tande jan l'ap rele, jan l'ap rele byen fò.
Ezekiel 1:24Lè bèt yo t'ap vole, mwen tande zèl yo t'ap fè yon bri. Ou ta di bri lanmè a lè li move, osinon bri vwa Seyè a lè l'ap pale, oswa bri yon gwo lame. Lè yo sispann vole, yo kite zèl yo pandye.