Ezekiel 11:1
Apre sa, Lespri Bondye a pran m', li leve m' anlè, li mennen m' bò gwo pòtay tanp lan ki bay sou solèy leve. Toupre pòtay la, mwen wè vennsenk gason. Pami yo te gen de chèf peyi a, Jazanya, pitit gason Azou a, ak Pelatya, pitit gason Benaja a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 2:16Yo di li: —Koute. Gen senkant nan nou la a. Nou tout se vanyan gason. Kite n' al chache mèt ou a. Ou pa janm konnen. Lespri Bondye a ka pran l' al lage sou yon mòn osinon nan yon fon. Men, Elize di yo: —Non. Pa voye pesonn dèyè l'.
Isaiah 1:10Lavil Jerizalèm sa a! Chèf li yo tankou chèf lavil Sodòm. Moun li yo tankou moun lavil Gomò. Nou tout ki la a, koute sa Seyè a ap di chèf lavil yo. Pare zòrèy nou pou nou tande lòd Bondye nou an ap bay moun Jerizalèm yo.
Ezekiel 3:12Apre sa, Lespri Bondye a pran m', li leve m' anlè. Mwen tande yon bann vwa dèyè do m' ki t'ap di: Lwanj pou Seyè a ki fè wè gwo pouvwa li nan syèl kote l' rete a.
Ezekiel 8:3Mwen wè l' lonje men l' tankou men yon moun, li pran m' nan cheve. Nan vizyon an, li leve m' byen wo nan syèl la, li mennen m' lavil Jerizalèm, devan pòtay anndan ki bay sou bò nò a, kote yo te mete yon estati zidòl ki te lakòz Bondye ankòlè.
Ezekiel 10:19Bèt vivan yo louvri zèl yo. Yo vole soti sou tè a devan je m'. Epi wou yo vole ale ak yo tou. Y' al poze sou papòt pòtay tanp Seyè a ki bay sou bò solèy leve. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anlè yo.
Ezekiel 11:24Nan vizyon an toujou, mwen wè lespri Bondye a pran m', li mennen m' tounen lavil Babilòn nan mitan moun yo te depòte yo. Lèfini, vizyon an disparèt.