Ezekiel 11:10
N'ap mouri nan lagè nan mitan peyi nou an. Se la m'ap pini nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 34:8Antan nou la, n'a trase yon liy dwat ankò jouk nou rive nan Pas Amat la, ale pi lwen toujou jouk nou rive Zedad.
1 Kings 8:65Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete Fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te soti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fwontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete fèt la pandan sèt jou. Lèfini, yo fete pandan sèt jou ankò. Sa te fè antou katòz jou.
2 Kings 25:19Nan lavil la, li pran chèf ki te kòmandan lame a ansanm ak senk lòt otorite ki te konseye wa a, ak sekretè kòmandan lame a ki te reskonsab pou pran moun nan lame a, ak swasant lòt grannèg. Tout moun sa yo te nan lavil la toujou.
Jeremiah 9:24Men si yon moun vle fè grandizè, l'a fè grandizè dèske li konnen m', dèske li konprann mwen. Paske mwen gen bon kè, Mwen fè sa ki dwat ak sa ki kòrèk sou latè. Se bagay sa yo ki fè m' plezi. Se mwen Seyè a ki di sa.
Jeremiah 52:9Lènmi yo pran wa a, yo mennen l' bay wa Babilòn lan, ki te lavil Ribla nan peyi Amat la. Se la Nèbikadneza jije li.
Jeremiah 52:24Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraya, granprèt la, Sefanya, adjwen li an ansanm ak twa lòt chèf ki la pou veye pòtay tanp lan, li fè yo prizonye.