The Bible Software
bible.software › Ezekiel › Ezekiel 11 › Ezekiel 11:12

Ezekiel 11:12

Wi, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Pase pou nou te swiv lòd mwen yo, pase pou n' te fè sa m' mande nou fè, nou te pito swiv vye mès pèp k'ap viv nan peyi ki bò kote nou yo.

Bib La

In The King James Version

And ye shall know that I am the LORD: for ye have not walked in my statutes, neither executed my judgments, but have done after the manners of the heathen that are round about you.

In Context

11Lavil sa a p'ap pwoteje nou jan chodyè pwoteje vyann ki ladan l'. Se nan mitan peyi Izrayèl la menm m'ap pini nou.

13Antan m'ap bay mesaj la, Pelatya, pitit gason Benaja a, tonbe li mouri frèt. Mwen lage kò m' ajenou, mwen bese tèt mwen jouk atè, mwen rele byen fò, mwen di: -O Seyè, Bondye sèl Mèt la! Eske ou pral touye ti rès moun ki rete nan pèp Izrayèl la?

Read all of Ezekiel 11

Cross References

Leviticus 18:3Piga nou janm fè menm jan ak moun peyi Lejip kote nou te ye a, ni tankou moun peyi Kanaran kote mwen pral mennen nou an. Piga nou swiv mès yo.

Leviticus 26:40Men, lè sa a pitit pitit nou yo va rekonèt peche yo ak peche zansèt yo, peche yo te fè paske yo te refize fè sa m' te di yo fè, peche yo te fè paske yo te kenbe tèt avè m'.

1 Kings 11:33Salomon vire do ban mwen, l' al adore bondye lòt nasyon, tankou Astate, zidòl fanm moun peyi Sidon yo, Kemòch, bondye moun Moab yo, ak Milkòm, bondye moun Amon yo. Salomon pa fè sa ki byen devan je mwen, li pa mache dwat, li pa swiv lòd ak kòmandman mwen yo tankou David, papa l', te fè l' la.

2 Kings 16:10Lè wa Akaz te lavil Damas pou l' te kontre ak Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, li wè lotèl ki te la a. Li leve plan lotèl la, li voye l' bay Ouri, prèt la.

2 Kings 18:12Lavil Samari te tonbe paske moun pèp Izrayèl yo pa t' obeyi Seyè a, Bondye yo a. Yo pa t' respekte kontra li te pase ak yo a. Yo pa t' fè tou sa Moyiz, sèvitè Seyè a, te mande yo fè. Yo pa t' koute l'.

2 Kings 21:9Men moun peyi Jida yo pa koute Seyè a, Manase pran tèt yo, yo fè pi mal pase nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezekiel 11:12

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezekiel 11:11Ezekiel 11Ezekiel 11:13 →