Ezekiel 11:17
Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye sèl Mèt la, m'ap di yo: M'ap pran yo nan mitan nasyon kote mwen te gaye yo a, m'ap sanble yo. M'ap fè yo soti kite peyi sa yo, m'ap ba yo peyi Izrayèl la ankò pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 11:11Jou sa a, Seyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letiopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.
Jeremiah 3:12Ale nan nò, w'a di moun peyi Izrayèl yo pou mwen: Nou menm moun peyi Izrayèl ki te vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Mwen gen kè sansib, mwen p'ap fache sou nou. Mwen p'ap fache sou nou pou tout tan. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
Jeremiah 24:5-Se mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la k'ap pale. Mwen konsidere moun peyi Jida yo depòte yo, moun mwen voye nan peyi Babilòn yo, tankou yon panyen bèl fig frans. Mwen pral aji byen ak yo.
Jeremiah 29:10Seyè a di ankò: Lè lavil Babilòn lan va rive sou swasanndizan depi li kanpe a, m'a vin vizite nou, m'a fè kichòy pou nou. M'a kenbe bèl pwomès mwen te fè nou an, m'a fè nou tounen lakay nou ankò.
Jeremiah 30:18Seyè a di ankò: -Mwen pral fè moun fanmi Jakòb yo te depòte yo tounen lakay yo. Mwen pral gen pitye pou chak fanmi. Yo pral rebati lavil yo sou anplasman vye mazi yo. Yo pral rebati gwo bèl kay yo kote yo te ye anvan an.
Jeremiah 32:37Enben, wi! Mwen te fache sou yo, mwen te move anpil, mwen te fè gwo kòlè. Lè sa a, mwen gaye yo nan yon bann peyi. Men, mwen pral sanble yo, m'ap mennen yo tounen isit la ankò pou yo ka viv san kè sote.