Ezekiel 11:24
Nan vizyon an toujou, mwen wè lespri Bondye a pran m', li mennen m' tounen lavil Babilòn nan mitan moun yo te depòte yo. Lèfini, vizyon an disparèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Bèl limyè prezans Seyè a soti kite lavil la, li ale poze sou mòn ki te sou bò solèy leve a.
25Mwen rakonte moun yo te depòte yo tou sa Seyè a te fè m' wè.
Cross References
Genesis 17:22Lè Bondye fin pale avèk Abraram, li kite l', li moute nan syèl.
2 Kings 2:16Yo di li: —Koute. Gen senkant nan nou la a. Nou tout se vanyan gason. Kite n' al chache mèt ou a. Ou pa janm konnen. Lespri Bondye a ka pran l' al lage sou yon mòn osinon nan yon fon. Men, Elize di yo: —Non. Pa voye pesonn dèyè l'.
Ezekiel 1:3Antan Ezekyèl, pitit Bouzi, yon prèt Bondye, te la bò larivyè Keba nan peyi Babilòn, li tande Seyè a pale avè l'. Li santi pouvwa Seyè a sou li.
Ezekiel 3:15Se konsa mwen rive lavil Tèl Abid toupre larivyè Keba kote moun yo te depòte yo te rete a. Pandan sèt jou, mwen rete la nan mitan yo, tou dekontwole apre tou sa m' te wè ak tou sa m' te tande.
Ezekiel 11:1Apre sa, Lespri Bondye a pran m', li leve m' anlè, li mennen m' bò gwo pòtay tanp lan ki bay sou solèy leve. Toupre pòtay la, mwen wè vennsenk gason. Pami yo te gen de chèf peyi a, Jazanya, pitit gason Azou a, ak Pelatya, pitit gason Benaja a.
Acts 10:16An twa fwa sa repete. Apre sa, lamenm bagay la moute tounen nan syèl la.