Ezekiel 11:7
Konsa, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m'ap di nou: Wi, lavil la tankou yon chodyè. Men kisa ki vyann lan? Se kadav moun nou touye yo! Nou menm menm m'ap fè yo mete nou deyò nan lavil la.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Nou sitèlman touye moun isit nan lavil la, lari yo plen kadav.
8Nou pè lagè, pa vre? Enben, m'ap voye lagè sou nou! Se mwen menm menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Cross References
Jeremiah 1:13Apre sa, Seyè a pale avè m' yon lòt fwa ankò, li di m': -Kisa ou wè la a? Mwen reponn li: -Mwen wè yon chodyè dlo k'ap bouyi sou yon dife. Vapè dlo cho a ap desann soti nan nò.
Ezekiel 3:9M'ap fè tèt ou di pase wòch, l'ap di tankou wòch dyaman. Pa pè yo, pa tranble devan yo. Se yon move ras moun ki gen tèt di yo ye.
Ezekiel 24:6Men sa Seyè sèl Mèt la di apre sa: -Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Li tankou yon chodyè wouye yo pa janm foubi. Wete tout moso vyann yo yonn apre lòt. Pa chwazi pou kite anyen ladan l'.