Ezekiel 11:8
Nou pè lagè, pa vre? Enben, m'ap voye lagè sou nou! Se mwen menm menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Bib La
In The King James Version
Ye have feared the sword; and I will bring a sword upon you, saith the Lord GOD.
In Context
Cross References
Job 3:25Sa m' pè rive m' lan, se li k'ap rive m'. Sa m' pa ta vle wè a, se li ki tonbe sou mwen.
Proverbs 10:24Yon moun ki mache dwat, Bondye va ba li tou sa l' ta renmen genyen. Men mechan an, se sa l' pè rive l' la k'ap rive l'.
Isaiah 30:16Men nou te pito di: Ann moute chwal nou kouri ale. Enben, ale! Ale non! Sove kò nou! Nou te pito di: n'a moute sou chwal ki konn kouri. Men tou, sa k'ap kouri dèyè nou yo pral kouri pi vit pase nou!
Jeremiah 38:19Wa Sedesyas reponn: -Ou konnen sa m' pè? Se moun peyi Jida yo ki deja al rann tèt yo bay moun Babilòn yo. Mwen pè pou moun Babilòn yo pa lage m' nan men yo pou yo maltrete m'.
Jeremiah 42:16enben, lagè k'ap fè nou pè a ap rive jwenn nou jouk laba nan peyi Lejip la. Grangou k'ap ban nou tout tèt chaje sa yo pral swiv nou jouk laba a. N'ap mouri nan peyi Lejip.
Jeremiah 44:12M'ap pran rès moun Jida yo, sa ki te pran desizyon desann al viv nan peyi Lejip la, yo tout pral mouri. Yo tout, gran kou piti, y'ap mouri nan peyi Lejip. Genyen k'ap mouri nan lagè, genyen k'ap mouri grangou. Moun va sezi wè yo, y'a vire tèt yo pou yo pa gade yo, y'a sèvi ak non yo pou bay madichon, y'a pase yo nan betiz.