Ezekiel 12:14
M'ap gaye tout moun ki te avè l' yo, gad pèsonèl li yo ak tout sòlda li yo, y'ap pran kouri nan tout direksyon. Men, m'ap fè lènmi kouri dèyè yo pou touye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 25:4Yo fè yon twou nan miray yo. Atout lame moun Babilòn yo te sènen lavil la nèt, tout sòlda jwif yo mete deyò kite lavil la nan mitan lannwit. Yo pase nan mitan jaden wa a, yo desann nan wout pòtay la nan mitan de miray yo, yo pran chemen fon Jouden an pou yo.
Jeremiah 42:22Enben, konn sa byen, nou pral mouri nan lagè, grangou ap touye nou, move maladi ap fini ak nou nan peyi kote nou vle al rete a.
Ezekiel 5:10Se poutèt sa, nan lavil Jerizalèm papa ak manman va manje pwòp pitit yo, pitit va manje papa ak manman yo. M'ap pini nou, m'ap gaye rès moun ki va rete yo toupatou.
Ezekiel 14:17Ou ankò, mwen ta ka voye lagè sou peyi a. Mwen ta ka bay lòd pou nan lagè a yo touye dènye moun ak dènye bèt.
Ezekiel 17:21Tout pi bon sòlda li yo pral mouri nan lagè. Sa ki chape yo, yo pral gaye yo toupatou sou latè. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki pale.