Ezekiel 12:19
W'a di moun peyi a men mesaj Seyè Bondye sèl Mèt la voye bay moun lavil Jerizalèm yo k'ap viv toujou nan peyi a: Y'ap manje ak kè sere, y'ap bwè ak kè sote. Peyi a pral tounen yon savann, p'ap gen anyen ladan l' ankò. Tou sa, akòz mechanste moun k'ap viv ladan l' yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
18-Nonm o! Lè w'ap manje, tranble kou fèy bwa. Bwè dlo ou ak kè sote, ak kè sere.
Cross References
Genesis 6:11Men, tout lòt moun yo te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste.
Psalms 24:1Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'.
Isaiah 6:11Lè sa a, mwen di: -Seyè! Kilè sa va sispann? Li reponn mwen: -Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann.
Jeremiah 6:7Menm jan dlo dous toujou ap souse nan yon pi, se konsa nan lavil la mechanste ap souse toupatou: Se britalite ak piyay mwen tande y'ap fè. Se moun k'ap soufri, moun ki anba kou ase mwen wè devan je m'.
Jeremiah 10:22Koute non! Nouvèl la ap kouri vini! Gen yon gwo mouvman nan peyi bò nò a. Lame l' yo pral fè lavil peyi Jida yo tounen mazi, kote bèt nan bwa rete.
Jeremiah 25:11Tout peyi a pral kraze tounen mazi, yon dezè. Nasyon ki nan vwazinaj yo pral sèvi wa Babilòn lan pandan swasanndizan.