Ezekiel 12:7
Mwen fè tou sa Seyè a te ban mwen lòd fè a. Jou sa a, gwo lajounen, mwen fè pakèt mwen tankou yon moun y'ap depòte ta fè l'. Nan aswè, mwen fè yon twou ak men m' nan miray la, mwen soti nan fènwa a. Antan tout moun la ap gade m', mwen chaje pakèt mwen sou zepòl mwen, m' ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Nan denmen maten, Seyè a pale avè m' ankò, li di m':
Cross References
Jeremiah 32:8Se konsa, jan Seyè a te fè m' konnen an, kouzen m' Anamèl vin jwenn mwen nan lakou palè kote gad yo ye a. Li mande m' pou m' achte yon jaden li te genyen lavil Anatòt, nan peyi moun Benjamen yo. Li di se mwen an premye ki gen dwa achte l' paske se mwen ki fanmi pi pre ak li. Konsa, se mwen ki pou achte l' nan men l'. Lè sa a, mwen vin sèten se Seyè a menm ki te pale avè m'.
Ezekiel 12:3Koulye a, ou menm nonm o! Fè pakèt ou tankou yon moun k'ap kouri pou danje. Pati kite peyi a devan je yo gwo lajounen. W'a fè yo tout wè ou ap pati kite kote ou ye a pou ou ale yon lòt kote ou pa janm konnen! Sa ka fè yo rekonèt jan yo gen tèt di.
Ezekiel 37:7Mwen bay mesaj Bondye a jan li te ban m' lòd la. Antan m'ap pale konsa, mwen tande yon gwo bri, zosman yo pran deplase jouk yo jwenn plas yo yonn bò kote lòt.
Matthew 21:6Disip yo ale, yo fè tou sa Jezi te bay yo lòd fè a.
John 2:5Lè sa a, manman Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: Fè tou sa l' di nou fè.
Acts 26:19Se konsa, wa Agripa, mwen pa dezobèyi vizyon ki te soti nan syèl la vin jwenn mwen.