Ezekiel 14:10
Ni pwofèt la, ni moun ki te vin jwenn li an ap peye pou sa yo fè. Y'ap resevwa menm chatiman an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 4:13Kayen di Seyè a: Chatiman an twòp pou mwen. Mwen p'ap ka sipòte l'.
Deuteronomy 13:1Si ta gen nan mitan nou yon pwofèt osinon yon moun ki konn fè vizyon, epi ki ta fè konnen kèk siy osinon kèk gwo bagay pral rive nan mitan nou,
Jeremiah 6:14Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen, pa gen danje. Epi manti! Anyen p'ap mache.
Jeremiah 14:15Se poutèt sa, men sa Seyè a di li pral fè pwofèt li pa t' janm voye yo men ki pran non l' pou di pèp la p'ap gen lagè ni grangou nan peyi a: Se nan lagè ak nan grangou tout pwofèt sa yo pral mouri!
Ezekiel 14:7Chak fwa yonn nan moun pèp Izrayèl yo osinon yonn nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp mwen an va vire do ban mwen pou li al sèvi zidòl, si li kite zidòl pran nanm li pou li fè sa ki mal, lèfini pou li konprann pou li al jwenn pwofèt Bondye a pou mande l' mande m' anyen, se mwen menm menm, Seyè a, ki pral ba li repons la.
Ezekiel 23:49Pou nou menm, de sè sa yo, mwen pral pini nou pou libètinaj nou. M'ap fè nou peye peche nou fè lè nou t'ap sèvi zidòl yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm Seyè a ki sèl Mèt.