Ezekiel 14:14
Si twa moun dwat sa yo, Noe, Danèl ak Jòb, ta nan mitan yo, se yo menm ase ki t'ap sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 6:8Men, Noe te fè Bondye plezi.
Genesis 8:20Noe bati yon lotèl. Li pran yonn nan chak kalite bèt ak zwazo ki bon pou moun manje, li touye yo, li boule yo nèt sou lotèl la.
Job 1:1Te gen yon nonm yo te rele Jòb. Li te rete nan peyi Ouz. Se te yon nonm san repwòch ki te mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li te gen krentif pou Bondye, li te toujou ap chache fè sa ki byen.
Job 42:8Atòkile, men sa pou nou fè: Pran sèt towo bèf ak sèt belye mouton. Al jwenn Jòb ak yo. N'a ofri yo pou nou, n'a boule yo nèt. Jòb li menm va lapriyè pou nou. M'a reponn li. Konsa, m'a fè pa nou. Mwen p'ap pini nou deske nou pa t' pale byen sou mwen, jan Jòb, sèvitè m' lan, te fè l' la.
Jeremiah 7:16Seyè a di ankò: -Jeremi monchè, ou pa bezwen lapriyè nan pye m' pou pèp sa a. Ou pa bezwen rele, ni ou pa bezwen lapriyè pou yo. Pa vin plede kòz yo bò kote m'. Paske mwen p'ap koute ou.
Jeremiah 14:11Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Pa vin mande m' pou m' fè anyen pou pèp sa a.