Ezekiel 14:17
Ou ankò, mwen ta ka voye lagè sou peyi a. Mwen ta ka bay lòd pou nan lagè a yo touye dènye moun ak dènye bèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:25M'ap fè lènmi nou yo vin fè nou lagè poutèt kontra m' nou pa kenbe a. Lè sa a, n'a anpile kò nou nan lavil yo pou chache pwoteksyon, m'a voye tout kalite move maladi sou nou, jouk n'a blije rann tèt nou bay lènmi nou yo.
Jeremiah 33:12Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Nan peyi sa a ki fini, peyi kote ou pa jwenn ni moun ni bèt la nan tout lavil yo, va gen kote pou gadò mouton yo mennen mouton yo al manje.
Jeremiah 47:7Men, ki jan pou li fè poze lè Seyè a ba li lòd travay? Li gen pou l' ale jouk lavil Askalon dèyè moun ki rete bò lanmè a. Se la mwen voye l' ale.
Ezekiel 5:17M'ap voye grangou ak bèt nan bwa k'ap touye tout pitit nou yo. Move maladi pral tonbe sou nou, y'ap mete san nou deyò. M'ap voye lènmi vin fè nou lagè. Se mwen menm Seyè a ki pale.
Ezekiel 21:3W'a di yo: Men mesaj Seyè a bay pou nou: Mwen leve dèyè nou koulye a. Mwen pral rale nepe m' nan djenn li, mwen pral touye nou tout, bon kou move.
Ezekiel 21:9-Nonm o! Bay mesaj sa a. Di pèp la men sa mwen menm Seyè a, mwen voye di yo: Nepe a, nepe a! Men y'ap file l'. Men y'ap netwaye li.