Ezekiel 14:23
Wi, lè n'a wè jan moun sa yo t'ap viv ak sa yo t'ap fè, n'a konnen mwen te gen rezon fè lavil Jerizalèm sa m' te fè l' la. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:40Men, lè sa a pitit pitit nou yo va rekonèt peche yo ak peche zansèt yo, peche yo te fè paske yo te refize fè sa m' te di yo fè, peche yo te fè paske yo te kenbe tèt avè m'.
Deuteronomy 8:2Chonje tout chemen Seyè a, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l' te ka kraze lògèy nou, pou l' te ka sonde nou, pou l' te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te soti pou kenbe kòmandman l' yo.
Job 33:27L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a.
Jeremiah 7:17Ou pa wè sa y'ap fè nan lavil peyi Jida yo, ak nan lari lavil Jerizalèm?
Ezekiel 7:27Wa a pral nan gwo lapenn. Pitit wa a pral rete sezi, tout pèp la pral tranble. M'ap pini yo pou sa yo fè, m'ap fè yo menm sa yo te fè lòt moun. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Ezekiel 9:8Pandan yo t'ap touye moun yo, mwen te rete pou kont mwen. Mwen tonbe ajenou, mwen bese tèt mwen atè, mwen rele byen fò: -Wouy! Seyè Bondye sèl Mèt la, èske ou pral touye tout rès pèp Izrayèl la, paske nan kòlè ou ou soti pou pini lavil Jerizalèm?