Ezekiel 14:6
Koulye a, men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Tounen vin jwenn mwen. Vire do bay zidòl nou yo, sispann fè vye bagay derespektan sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 8:47antan yo la nan peyi kote lènmi yo te depòte yo a, si yo règrèt sa yo te fè, si yo lapriyè nan pye ou, si yo rekonèt yo te fè sa ki mal, si yo rekonèt yo te peche, si yo rekonèt yo antò,
Nehemiah 1:8Koulye a, chonje pawòl ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, lòd ki di nou: Si nou menm, moun pèp Izrayèl yo, nou pa kenbe pawòl mwen yo, m'ap gaye nou sou latè nan mitan tout lòt nasyon yo.
Isaiah 30:22N'a pran estati zidòl nou yo ki kouvri ak ajan ansanm ak lò sou tout kò yo pou bagay k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye, n'ap voye yo jete tankou vye bagay sal, n'a di yo: Soti devan je nou!
Jeremiah 8:5Poukisa atò, nou menm pèp lavil Jerizalèm, nou vire do ban mwen, epi nou pa vle chanje? Nou kenbe pye zidòl nou yo la tòt. Nou derefize tounen vin jwenn mwen.
Jeremiah 31:18Mwen tande moun Izrayèl yo ap plenn. Y'ap di konsa: -Seyè, nou te tankou yon ti towo mawon. Men, ou donte nou, ou moutre nou jan pou nou obeyi ou. Fè nou tounen vin jwenn ou, paske ou se Seyè a, Bondye nou an.
Lamentations 3:39Lè nou anba bwa pou peche nou yo sa nou bezwen plenyen fè!