Ezekiel 14:8
M'ap kenbe tèt ak li. M'ap fè l' tounen yon egzanp pou yo mete non l' nan chante. M'ap wete l' nan mitan pèp mwen an. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 17:10Pesonn ni nan pèp Izrayèl la, ni pami moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo pa gen dwa manje vyann ak tout san li ladan l'. Si li fè l', mwen menm Seyè a, mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an.
Leviticus 22:3W'a di yo pou mwen: Lè yon gason nan fanmi nou pa nan kondisyon pou fè sèvis mwen, si li pwoche bò kote ofrann moun pèp Izrayèl yo mete apa pou mwen, piga yo janm kite l' parèt devan m' ankò! Se mwen menm ki Seyè a.
Numbers 19:20Men lè yon nonm pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras, se pou yo konsidere l' tankou yon moun ki pa fè pati pèp Bondye a. Li pa ka pwoche bò Tant Randevou a pou l' pa derespekte l'. Toutotan yo pa fè pou li sèvis voye dlo ki pou mete l' nan bon kondisyon an, l'ap rete nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye.
Deuteronomy 28:37Nan tout peyi kote Seyè a pral gaye nou yo, moun pral sezi wè sa ki rive nou, y'a pase nou anba kont betiz, y'a fè chante sou nou.
Psalms 34:16(034:17) Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo.
Psalms 37:22Moun Seyè a beni va pran peyi a pou yo. Men, moun ki anba madichon Bondye gen pou disparèt sou tè a.