Ezekiel 15:4
Li ka sèvi pou limen dife ase. Dife a boule de bout li yo ansanm ak mitan an. Apre sa, ou pa ka fè anyen avè l' ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Eske li ka ba ou bwa pou fè anyen? Eske yo ka fè pikèt kwòk avè l' pou pandye bagay?
Cross References
Isaiah 1:31Menm jan yon ti tensèl mete dife nan yon pil fachin bwa chèch, se konsa sa gwonèg yo ap fè a ap tounen yon tizon dife nan dèyè yo. Pesonn p'ap ka fè anyen pou sove yo.
Ezekiel 19:14Dife pran nan pye rezen an. Li boule ni branch li yo ni donn li yo. Li pa gen gwo branch ankò ki pou ta sèvi baton kòmandman pou wa. Sa a se yon chante pou yo chante anpil fwa pou plenn sò chèf peyi Izrayèl yo.
Malachi 4:1Gade! Jou a ap vini: Pral fè cho anpil tankou nan yon fou. Tout awogan yo ansanm ak tout mechan yo pral boule tankou pay chèch. Se Seyè a menm ki di sa. Wi, jou sa a, y'ap boule nèt san kite tras.
John 15:6Moun ki pa fè yonn ak mwen, y'ap koupe l' voye jete; l'ap cheche tankou yon branch bwa. Lè branch bwa yo cheche, yo ranmase yo, yo jete yo nan dife, yo boule yo.
Hebrews 12:29Paske Bondye nou an se tankou yon dife k'ap detwi tout bagay.