Ezekiel 16:11
Mwen kouvri ou ak bijou, mwen mete braslè nan ponyèt ou, m' pase bèl chenn nan kou ou.
Bib La
In The King James Version
I decked thee also with ornaments, and I put bracelets upon thy hands, and a chain on thy neck.
In Context
12Mwen mete yon grenn zanno nan nen ou, yon pè zanno nan zòrèy ou ak yon bèl kouwòn sou tèt ou.
Cross References
Genesis 24:22Lè chamo yo fin bwè, nonm lan pran yon bèl zanno lò ki peze sis gram, li pase l' nan nen Rebeka. Li pran de bèl braslè ki peze san gram, li mete yo nan bra li.
Genesis 24:53Apre sa, li pran rale bèl bijou fèt an ajan ak an lò ansanm ak rad, li bay Rebeka. Li te bay frè a ak manman an anpil bèl kado tou.
Genesis 41:42Li wete gwo bag ki te nan dwèt li a, li mete l' nan dwèt Jozèf. Li abiye l' ak yon rechanj fèt ak bèl twal fen. Li pase yon chenn an lò nan kou l'.
Exodus 35:22Tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo pou fè ofrann, fanm kou gason, yo vini, yo pote zanno, bag, kolye, braslè ak tout kalite bijou an lò. Chak moun te pote bijou an lò yo te mete apa pou Bondye.
Numbers 31:50Se poutèt sa, n'ap pote tout bijou lò nou te jwenn epi nou te pran: braslè, chennèt, bag, zanno, chenn ak meday, n'ap ofri yo bay Seyè a pou li ka fè nou gras.
Esther 2:17Wa a tonbe pou Estè plis pase pou tout lòt fanm li te janm konnen. Estè te rive fè wa a plezi plis pase tout lòt jenn fi yo. Wa a renmen l' plis pase lòt yo. Li mete kouwòn li a sou tèt Estè, li nonmen l' larenn nan plas Vachti a.