Ezekiel 16:20
Apre sa, ou pran pitit gason ak pitit fi ou te fè pou mwen yo, ou al ofri yo bay zidòl yo pou zidòl yo te manje yo. Sa pa t' ase pou ou te lage kò ou nan tout dezòd sa yo
Bib La
In The King James Version
In Context
21kifè ou te bezwen koupe kou pitit mwen yo, lèfini pou ou te boule yo nan dife pou zidòl ou yo?
Cross References
Genesis 17:7M'ap kenbe kontra m' lan avè ou, avèk tout ras ou. De pitit an pitit, se va yon kontra k'ap la pou tout tan. Se mwen k'ap Bondye ou, se mwen k'ap Bondye pitit pitit ou yo tou.
Exodus 13:12n'a pran tout premye pitit gason nou yo, n'a mete yo apa pou Seyè a. Konsa tou, tout premye pitit bèt nou yo, depi se mal yo ye, se pou mwen yo ye.
2 Kings 16:3Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo, li menm rive ofri pwòp pitit gason l' pou yo boule pou zidòl yo, dapre vye prensip krimenèl nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun Izrayèl yo te konn swiv.
Psalms 106:37Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo.
Isaiah 57:5N'ap fè sèvis pou zidòl nan jaden nou. Nou kouche ak fanm anba pye bwadchenn, anba tout raje. Nou bay timoun nou pou yo touye pou zidòl yo nan twou wòch nan bafon yo.
Jeremiah 3:24Men, depi nou te tou piti, zidòl k'ap fè nou wont la fin manje dènye sa zansèt nou yo te kite pou nou: bèf, kabrit ak mouton, pitit gason ak pitit fi.