Ezekiel 16:23
Seyè sèl Mèt la di ankò: -Madichon, madichon pou ou! Lè ou fin fè tout mechanste sa yo,
Bib La
In The King James Version
And it came to pass after all thy wickedness, (woe, woe unto thee! saith the Lord GOD;)
In Context
24sou tout rebò granchemen yo, ou bati tanp pou sèvi zidòl ou yo, pou fè metye jennès ou a.
Cross References
Ezekiel 2:10Li louvri liv la devan je m', mwen wè li te ekri sou tou de bò l' yo. Li te plen pawòl moun di lè y'ap plenn sò yo, lè yo nan gwo lapenn, lè y'ap soufri anpil.
Ezekiel 13:18Lèfini, di yo men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, voye di yo: Madichon pou nou, medam! N'ap mare kòd wanga nan ponyèt tout moun. N'ap moute mouchwa tèt pou tout kalite moun pou yo ka gen pouvwa pran nanm moun. Nou dèyè pou nou gen pouvwa fè sa nou vle ak nanm lòt moun san anyen pa rive nou.
Zephaniah 3:1Madichon pou moun lavil Jerizalèm! Yo vire kont Bondye, yo lage kò yo nan dezòd, lèfini y'ap peze moun parèy yo.
Matthew 23:13Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pesonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre.
Revelation 12:12Se poutèt sa, fè kè n' kontan, nou menm sièl ak tout moun ki rete nan sièl la. Men, malè pou latè ak lanmè, paske Satan desann sou nou. Li move anpil, paske li konnen pa rete l' anpil tan ankò.