Ezekiel 16:28
Men moun sa yo pa t' ba ou kont plezi ou, ou kouri al jwenn moun peyi Lasiri yo. Ou kouche ak yo. Men yo menm tou, yo pa t' ba ou kont plezi ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 10:6Apre sa, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Bondye. Yo pran fè sèvis pou Baal yo, pou Astate yo, pou bondye moun peyi Siri yo, pou bondye moun peyi Sidon yo, pou bondye moun peyi Moab yo, pou bondye moun peyi Amon yo ak bondye moun peyi Filisti yo. Yo vire do bay Seyè a, yo sispann sèvi l'.
2 Kings 16:10Lè wa Akaz te lavil Damas pou l' te kontre ak Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, li wè lotèl ki te la a. Li leve plan lotèl la, li voye l' bay Ouri, prèt la.
2 Chronicles 28:16Lè sa a, wa Akaz voye mande wa peyi Lasiri a sekou,
2 Chronicles 28:23Li t'ap ofri bèt pou yo touye pou bondye moun lavil Damas yo ki te bat li. Li t'ap di nan kè l': Bondye wa peyi Siri yo te ede yo. Si mwen fè sèvis pou yo, y'a ede m' tou. Men se sèvis bondye sa yo menm ki lakòz malè rive ni li ni pèp Izrayèl la.
Jeremiah 2:36Gade jan w'ap avili tèt ou, lè w'ap kouri dèyè bondye lòt nasyon yo! W'ap pran wont nan men peyi Lejip menm jan sa te rive ou avèk peyi Lasiri.
Ezekiel 23:12Li menm tou li te cho dèyè mesye peyi Lasiri yo, grannèg, gwo zotobre, sòlda ak bèl inifòm, bon kavalye ki moute sou chwal, yon bann bèl jenn gason.