Ezekiel 16:32
Ou te tankou yon madan marye ki nan dezòd, ki pito fè bèl ak lòt gason pase pou li renmen mari l'.
Bib La
In The King James Version
But as a wife that committeth adultery, which taketh strangers instead of her husband!
In Context
Cross References
Proverbs 7:19Mari m' pa la, li pati, li al fè yon vwayaj byen lwen.
Jeremiah 2:28Men, nou menm moun Jida yo, kote bondye nou te fè pou nou yo? Lè nou nan traka, se yo ki pou leve vin delivre nou, si yo kapab! Moun Jida, nou gen yon bondye nan chak lavil nou yo!
Jeremiah 3:8Li wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l' al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l' nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', pa t' pè. Li menm tou, li al lage kò l' nan jennès.
Ezekiel 16:8Mwen vin ap pase bò la ankò, mwen wè ou. Ou te rive laj pou ou te renmen. Mwen louvri gwo varèz mwen an sou ou, mwen kouvri kò ou ki te toutouni an. Mwen fè sèman m'ap toujou renmen ou. Wi, mwen pase kontra maryaj avè ou. Se konsa ou vin madanm mwen. Se Seyè ki sèl mèt la ki di sa.
Ezekiel 23:45Men, gason ki mache dwat yo pral jije yo tankou yo jije fanm k'ap fè adiltè epi k'ap touye moun, paske yo fè adiltè, yo touye moun.
Hosea 3:1Seyè a pale ak mwen ankò, li di m' konsa: -Ale non, Oze! Al renmen yon fanm k'ap fè adiltè sou mari l' ak yon lòt gason. Se pou ou renmen l' menm jan mwen menm, Seyè a, mwen renmen pèp Izrayèl la, atout l'ap vire do ban mwen al jwenn lòt bondye, atout li renmen ofri gato rezen ba yo.