Ezekiel 16:36
Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Ou wete tout rad sou ou. Ou rete toutouni nèt pou ou te kouche ak nonm ou yo, ansanm ak tout vye zidòl mwen pa vle wè yo. Lèfini, ou touye pitit ou yo, ou ofri yo bay zidòl.
Bib La
In The King James Version
In Context
35Koulye a, Jerizalèm, gwo jennès, koute sa Seyè a ap di:
Cross References
Genesis 3:10Nonm lan reponn li. Mwen tande vwa ou nan jaden an, mwen pè. M al kache pou ou, paske mwen toutouni.
Jeremiah 2:34Rad ou yo tache ak san pòv ansanm ak san inonsan, moun ou pa t' bare ap fè anyen ki mal. Malgre tou sa,
Jeremiah 19:5Yo moute lòt lotèl pou Baal. Yo pran pitit yo, yo touye yo, yo boule yo nèt nan dife pou Baal, bagay mwen pa janm mande yo fè, bagay mwen pa janm louvri bouch mwen di, bagay ki pa janm vin nan lide m'.
Ezekiel 16:15Men, ou kite bèlte ou la fè ou pèdi tèt ou. Ou pwofite dèske tout moun ap nonmen non ou lan pou ou lage kò ou nan dezòd, ou kouche ak dènye moun k'ap pase. Ou lage kò ou ba yo.
Ezekiel 22:15M'ap gaye tout pèp ou a nan mitan lòt nasyon yo. M'ap mache simaye nou nan peyi etranje yo. M'ap fè nou sispann fè malpwòpte nou t'ap fè nan mitan nou an.
Ezekiel 23:10Yo mete l' toutouni, yo pran pitit gason ak pitit fi li yo. Lèfini, yo touye l' anba kout nepe. Se te yon egzanp pou tout fanm. Yo te fè l' peye pou sa l' te fè a dapre lalwa.