Ezekiel 16:37
Poutèt tou sa, mwen pral reyini tout ansyen nonm ou yo ki te konn pran plezi yo avè ou, ni sa ou te renmen yo, ni sa ou te rayi yo. M'ap fè yo vin fè wonn bò kote ou. Mwen pral wete dènye rad ki sou ou. Mwen pral kite ou toutouni devan je yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 4:30Ou menm, lavil Jerizalèm, ou fini! Kisa ou ka fè? W'ap mete bèl rad wouj sou ou? W'ap mete tout bijou ou yo? W'ap pentire po je ou? Ou mèt fè ou bèl, sa p'ap sèvi ou anyen. Se meprize moun ki te renmen ou yo ap meprize ou! Yo soti pou yo touye ou.
Jeremiah 13:26Se mwen menm menm ki pral leve rad nou jouk sou tèt nou, pou yo wè nou toutouni.
Lamentations 1:8Lavil Jerizalèm te fè anpil peche! Li bay moun degoutans. Moun ki te konn gen respè pou li yo, koulye a yo pa gade l' menm. Li kanpe tankou yon fanm toutouni devan yo. Li menm, l'ap plenn, l'ap kache figi l' tèlman li wont.
Ezekiel 23:9Se poutèt sa mwen lage l' nan men nonm li yo, moun peyi Lasiri yo. Se dèyè yo li te cho konsa!
Hosea 2:3Si li pa fè sa, m'ap dezabiye l' nèt, pou l' rete toutouni jan manman l' te fè l'. M'ap fè l' tounen tankou tè sèk ki pa jwenn lapli. M'ap fè l' mouri swaf dlo.
Hosea 8:10Atout yo bay lòt nasyon yo kado, koulye a mwen pral mete yo tout nan menm sak pou m' pini yo. Talè konsa, yo pral nan lapenn lè wa Lasiri a va pran peze yo tout.