Ezekiel 16:38
M'ap pini ou menm jan yo pini fanm k'ap fè adiltè, ak fanm ki touye moun. M'ap fache, m'ap move, m'ap bay lòd pou yo touye ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 38:11Lè sa a, Jida di Tama, bèlfi li a: -Ou mèt tounen kay papa ou, rete vèv san marye jouk tan Chela, lòt gason m' lan, vin gran. Li te di l' sa paske li te pè pou Chela pa t' mouri tankou frè l' yo. Tama menm tounen rete kay papa l'.
Exodus 21:12Si yon moun leve men l' sou yon lòt, epi li touye l', moun sa a, se pou yo touye l' tou.
Numbers 35:16Si yon moun frape yon lòt ak yon bout fè epi li touye l', se ansasen li ye, se pou yo touye l' tou.
Numbers 35:18Si yon moun bay yon lòt yon kout bwa epi li touye l', se ansasen li ye, se pou yo touye l' tou.
Numbers 35:31Nou pa gen dwa asepte lajan pou sove lavi yon moun yo kondannen pou mouri paske li touye yon lòt. Wè pa wè se pou nonm sa a mouri.
Deuteronomy 22:24Nèg la va mouri tou paske li te avili yon fi ki te fiyanse ak yon moun pèp Izrayèl parèy li. Wi, se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.