Ezekiel 16:40
Yo pral moute tèt yon foul moun pou yo touye ou ak kout wòch, y'ap filange ou ak nepe yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 36:17Se konsa Seyè a fè wa Babilòn lan moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason peyi Jida a nan Tanp lan menm. Li pa t' gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, malad ou pa malad. Bondye lage yo tout nan men wa a.
Ezekiel 23:10Yo mete l' toutouni, yo pran pitit gason ak pitit fi li yo. Lèfini, yo touye l' anba kout nepe. Se te yon egzanp pou tout fanm. Yo te fè l' peye pou sa l' te fè a dapre lalwa.
Ezekiel 23:47Se pou foul moun yo kalonnen yo wòch jouk yo touye yo. Se pou yo depatcha yo ak nepe, touye pitit gason ak pitit fi yo, lèfini pou yo mete dife nan kay yo.
Habakkuk 1:6M'ap fè moun peyi Kalde yo kanpe. Se yon pèp ki san pitye, ki san manman. Y'ap mache toupatou sou latè, y'ap pran peyi lòt pèp nan men yo.