Ezekiel 16:42
Apre sa, mwen p'ap move sou ou ankò. M'a sispann fè jalouzi. Mwen p'ap fache ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 21:14Lèfini, yo antere yo ansanm ak zosman Sayil ak zosman Jonatan yo nan tonm Kich, papa Sayil la, lavil Zela nan pòsyon peyi ki pou branch fanmi Benjamen yo. Yo fè tou sa wa a te bay lòd fè a. Apre sa, Bondye tande lapriyè yo pou peyi a.
Isaiah 40:1Ankouraje pèp mwen an, ankouraje l'! Se Bondye nou an ki di sa!
Ezekiel 5:12Pèp la ap fè twa pòsyon, yon pòsyon pral mouri anba maladi ak grangou nan lavil la, yon lòt pòsyon pral mouri nan lagè lòt bò miray ranpa lavil la. M'ap gaye rès la nan tout direksyon. Lèfini, m'ap kouri dèyè yo ak nepe.
Ezekiel 21:17Mwen menm tou, m'ap bat men pou ankouraje. Se pou m' move sou yo jouk mwen p'ap kapab ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki pale.
Zechariah 6:8Lèfini, zanj lan rele m', li di m' konsa: -Chwal ou wè ki pran direksyon peyi ki sou bò nò a fè kòlè Seyè a tonbe.