Ezekiel 16:45
Wi, ou se pitit manman ou vre. Li pa t' vle wè ni mari l' ni pitit li yo. Ou menm moun ak sè ou yo. Yo menm tou, yo pa t' vle wè ni mari yo, ni pitit yo. Se yon fanm peyi Et ki te manman nou tout. Se yon moun peyi Amori ki te papa nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 5:9Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske, mwen menm Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
Isaiah 1:4Malè pou peyi nou an, kote tout moun ap viv nan peche! Malè pou pèp ki plen krim sou konsyans yo, pou ras moun sa yo k'ap fè sa ki mal, pou bann pitit sa yo ki fin pèvèti! Yo lage pye Bondye Seyè a! Yo pa okipe Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo vire do ba li.
Ezekiel 16:8Mwen vin ap pase bò la ankò, mwen wè ou. Ou te rive laj pou ou te renmen. Mwen louvri gwo varèz mwen an sou ou, mwen kouvri kò ou ki te toutouni an. Mwen fè sèman m'ap toujou renmen ou. Wi, mwen pase kontra maryaj avè ou. Se konsa ou vin madanm mwen. Se Seyè ki sèl mèt la ki di sa.
Ezekiel 16:20Apre sa, ou pran pitit gason ak pitit fi ou te fè pou mwen yo, ou al ofri yo bay zidòl yo pou zidòl yo te manje yo. Sa pa t' ase pou ou te lage kò ou nan tout dezòd sa yo
Ezekiel 23:37Yo fè adiltè, yo touye moun, yo fè adiltè ak zidòl, yo touye pitit yo te fè pou mwen. Yo ofri yo pou yo boule yo bay zidòl.
Romans 1:30Yonn pale lòt mal. Yo pa vle wè Bondye, yo ensolan, yo awogan, yo grandizè. Yo toujou ap chache lòt jan pou fè sa ki mal, yo fwonte ak paran yo.