Ezekiel 16:47
Ou mache dèyè yo pye pou pye, ou fè tout vye bagay derespektan yo fè. Men, nan tou sa ou fè yo, ou fè pi mal pase yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 21:9Men moun peyi Jida yo pa koute Seyè a, Manase pran tèt yo, yo fè pi mal pase nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo.
Ezekiel 5:6Men, Jerizalèm revòlte kont kòmandman ak lòd mwen yo. Li fè pi mal pase lòt nasyon ki bò kote l' yo. Moun li yo derefize swiv prensip mwen te ba yo. Yo pa fè sa m' te ba yo lòd fè a.
Ezekiel 8:17Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Eske ou wè sa? Moun peyi Jida sa yo ap fè tout vye bagay derespektan y'ap plede fè yo. Y'ap mache fè mechanste nan tout peyi a. Men sa pa kont yo toujou, se pou yo vini jouk isit la nan tanp lan pou fè yo, pou yo fè m' pi move toujou. Men y'ap fè move jès pou derespekte m', yo mete yon ti branch bwa anba nen yo.
Ezekiel 16:51Lavil Samari menm pa t' fè mwatye nan sa ou fè. Ou fè plis bagay derespektan pase l'. Ou fè sè ou yo pase pou inonsan bò kote ou.
1 Corinthians 5:1Toupatou y'ap fè kouri bri jan gen dezòd lachè k'ap fèt nan mitan nou. Dezòd la sitèlman wòd, ata moun lòt nasyon yo pa ta fè bagay konsa. Y'ap mache di gen yonn nan nou k'ap viv ak madanm papa li.