Ezekiel 16:52
Ou pral wont tèt ou pou sa ou fè. Ou sitèlman fè peche ki pi lèd pase sa sè ou yo fè a, ou ba yo rezon, yo parèt inonsan bò kote ou. Wi, se pou ou wont. Se pou ou kache figi ou, paske ou fè sè ou yo pase pou inonsan bò kote ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 38:26Jida rekonèt yo, li di: -Li gen rezon. Se mwen menm ki antò. Mwen te dwe fè l' marye ak Chela, pitit gason m' lan. Jida pa t' kouche avè l' ankò.
1 Kings 2:32Seyè a pral pini Joab pou krim sa yo li te fè san David, papa m', pa t' konnen. Joab te touye de moun inonsan ki te pi bon pase l': Abnè, pitit pitit gason Nè a, kòmandan lame peyi Izrayèl la ak Amasa, pitit gason Jetè a, kòmandan lame peyi Jida a.
Jeremiah 31:19Nou te vire do ba ou, men, koulye a nou vle tounen vin jwenn ou. Sa te fè nou lapenn, nou rekonèt sa nou te fè a mal. Nou te wont, nou te bese tèt nou atè, paske nou te peche nan tan jennès nou.
Ezekiel 16:54Ou pral wont tèt ou pou tou sa ou te fè. Yo pral pale ou mal. Sè ou yo pral wè yo pa pi mal pase sa. Sa pral yon konsolasyon pou yo.
Ezekiel 16:63M'ap padonnen ou tou sa ou te fè. Men ou menm, w'ap chonje sa ou te fè yo, w'a wont, ou p'ap ka louvri bouch ou ankò tèlman w'a wont. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
Ezekiel 36:15M'ap fè lòt nasyon yo sispann pase nou nan betiz. Nou p'ap tande jouman yo nan zòrèy nou ankò. Yo p'ap lonje dwèt sou nou ankò pou fè nou wont. Peyi a p'ap touye pitit li yo ankò. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.