Ezekiel 16:53
Seyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l' konsa: -M'ap mete yo kanpe ankò, lavil Sodòm ak lavil Samari ansanm ak tout ti bouk ki sou kont yo. Bout pou bout, ou menm tou m'ap mete ou kanpe ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 14:7Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' vin delivre pèp Izrayèl la? Lè Seyè a va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.
Psalms 126:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè Seyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo, se tankou si nou te nan rèv: Nou pa t' vle kwè se te vre!
Isaiah 19:24Lè sa a, peyi Izrayèl la va sou menm pye ak peyi Lejip ansanm ak peyi Lasiri: twa nasyon sa yo va yon benediksyon pou tout moun sou latè.
Jeremiah 20:16Se pou nonm sa a tankou moun lavil Seyè a detwi pou tout tan an yo. Nan maten, se pou l' tande rèl moun ki nan lapenn. Vè midi, l'a tande siyal lagè,
Jeremiah 46:27Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl yo. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò.
Jeremiah 49:6Men apre sa, m'ap mete peyi Amon an kanpe ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.