Ezekiel 17:10
Wi, yo te plante l'. Men, èske l'ap grandi? Eske li p'ap mouri lè van lès la va soufle sou li? Eske li p'ap mouri lamenm kote li t'ap pouse a?
Bib La
In The King James Version
In Context
11Seyè a pale avè m', li di m' konsa:
Cross References
Ezekiel 19:12Men, yo move sou li, yo derasinen l', yo jete l' atè. Van lès koule tout donn li yo, li kase tout gwo branch li yo. Branch yo cheche, yo boule nan dife.
Hosea 13:15Menm si Izrayèl ta fleri tankou wozo bò dlo, m'ap fè yon van leve nan dezè kote solèy leve a, m'ap fè l' vante sou li, l'ap cheche tout sous dlo ak tout fontenn li yo. L'ap pran tout bagay ki gen valè nan byen l' yo, l'ap pote yo ale.
Mark 11:20Nan denmen maten, byen bonè, antan yo t'ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig frans la cheche jouk nan rasen.
Jude 1:12Moun sa yo, se gate yo vin gate manje n'ap fè pou frè yo. Yo san ront konsa. Yo vin manje, yo vin bwè kont kò yo san chonje moun; se pròp tèt yo ase yo konnen. Yo tankou nwaj van ap gaye nan syèl la san bay lapli. Yo tankou pyebwa ki pa janm donnen, menm nan sezon rekòt. Wi, yo tankou pyebwa yo derasinen epi ki fin mouri nèt.