Ezekiel 17:19
Se poutèt sa, men sa Seyè Sèl Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan vre a, ou pa respekte pawòl ou avè m'. Ou pa kenbe kontra mwen te pase avè ou la. Mwen gen pou m' pini ou pou sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 2:32Seyè a pral pini Joab pou krim sa yo li te fè san David, papa m', pa t' konnen. Joab te touye de moun inonsan ki te pi bon pase l': Abnè, pitit pitit gason Nè a, kòmandan lame peyi Izrayèl la ak Amasa, pitit gason Jetè a, kòmandan lame peyi Jida a.
Jeremiah 5:2Yo te mèt pran non m' pou fè sèman, se pou twonpe moun.
Jeremiah 7:9Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pa t' janm konnen anvan.
Ezekiel 16:43Ou pa t' chonje jan m' te aji avè ou lè ou te jenn lan. Ou te fè m' move anpil pou tou sa ou te fè yo. Se poutèt sa mwen te fè ou peye pou tout. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Poukisa ou fè tout dezòd vakabonday sa yo mete sou tout lòt bagay derespektan ou fè yo?