Ezekiel 17:23
sou tèt mòn ki pi wo nan peyi Izrayèl la. L'ap fè branch, l'ap donnen. L'ap vin fè yon bèl bèl pye sèd. Tout kalite zwezo pral rete ladan l'. Y'ap pare solèy nan lonbraj branch li yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 22:27(022:28) Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li.
Psalms 92:12(092:13) Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban.
Isaiah 11:6Bèt nan bwa ak mouton va viv ansanm. Tig pral kouche menm kote ak jenn kabrit. Jenn ti bèf ak jenn ti lyon pral manje ansanm. Lèfini, se yon timoun ki pral okipe yo.
Isaiah 49:18Voye je nou toupatou. Gade sa k'ap pase. Tout moun nou yo ap sanble, y'ap vin jwenn nou. Jan nou konnen mwen vivan an, mwen fè sèman: Nou pral kontan wè yo lakay nou, tankou lè lamarye kontan wè bèl rad nòs li sou li. Se Seyè a menm ki di sa.
Ezekiel 20:40Paske men sa mwen menm, Seyè a, m'ap di nou: Se sou mòn ki apa pou mwen an, gwo mòn wo peyi Izrayèl la, tout moun pèp Izrayèl la ki va tabli nan peyi a pral fè sèvis pou mwen. Se la m'a kontan resevwa ofrann nou yo. Se la mwen vle nou pote pi bon ofrann nou yo, pi bon kado n'ap ban mwen yo.
Daniel 4:8Apre sa, Danyèl vini devan mwen. Yo te ba li yon lòt non dapre non bondye mwen an: Yo te rele l' Beltechaza. Li gen lespri bondye yo nan li. Mwen rakonte l' rèv mwen te fè a.