Ezekiel 17:7
Te vin gen yon lòt gwo malfini ak gwo zèl byen laj ak anpil plim sou li. Lè sa a, pye rezen an pouse rasin nan direksyon malfini sa a. Li vire tout branch li yo nan direksyon l' tou. Li te konprann malfini sa a tapral wouze l' pi byen pase jaden kote l' te plante a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 24:20Se konsa, Seyè a te fache ni sou moun lavil Jerizalèm yo, ni sou moun peyi Jida yo jouk jou li wete yo devan je l'. Men, rive yon lè Sedesyas derefize soumèt devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan.
Jeremiah 37:5Lame moun Babilòn yo te sènen lavil Jerizalèm. Lè yo pran nouvèl lame farawon an te travèse fwontyè peyi Lejip la, yo wete kò yo devan lavil Jerizalèm.
Ezekiel 31:4Lapli tonbe fè l' pouse Rivyè anba tè fè l' grandi. Gwo dlo pete nan tout rasin li yo. Yo fè kannal wouze tout pyebwa nan zòn lan.