Ezekiel 17:9
Di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Eske pye rezen an ap grandi vre? Eske premye malfini an p'ap dechouke l', rache tout grap rezen l' yo, kase tout branch li yo pou yo mouri? Li p'ap bezwen anpil fòs ni yon lame moun pou l' dechouke l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 14:41Men Moyiz di yo: -Pouki pou n'ap dezobeyi lòd Seyè a ankò? Sa p'ap mache pou nou non, fwa sa a!
2 Chronicles 13:12Se Bondye menm ki alatèt nou avèk prèt li yo. Yo tou pare pou kònen twonpèt yo pou bay siyal mache pran nou. Se poutèt sa, nou menm moun peyi Izrayèl yo, pa fè lagè ak Seyè a, Bondye zansèt nou yo. Paske se nou k'ap anba.
Isaiah 8:9Nou menm, moun tout nasyon yo, manyè konn sa! Nou mèt tranble! Nou menm ki rete nan peyi byen lwen, louvri zòrèy nou! Pare pou nou goumen! Men, konnen nou anba kou! Wi, mwen di nou pare pou nou goumen. Men, konnen nou anba kou!
Isaiah 31:1Madichon pou moun k'ap desann peyi Lejip al chache sekou! Yo mete konfyans yo nan chwal, nan kantite cha lagè, nan fòs sòlda kavalye. Yo pa dòmi reve Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo pa chache pwoteksyon bò Seyè a.
Jeremiah 24:8Menm sa yo fè ak vye fig ki pa bon yo, fig moun pa ka manje tèlman yo pa bon yo, se sa mwen pral fè ak Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf li yo, ak tout rès pèp lavil Jerizalèm yo ki te rete nan peyi a osinon ki te desann peyi Lejip.
Jeremiah 32:5Apre sa, y'a mennen Sedesyas lavil Babilòn, li va rete la jouk m'a regle avè l'. Menm si nou goumen ak moun Babilòn yo, nou p'ap janm genyen lagè a. Se Seyè a menm ki di sa.