Ezekiel 18:16
li pa pwofite sou pesonn, li pa kenbe garanti moun te ba li pou lajan li te prete yo. Li pa vòlò pesonn, li bay moun ki grangou manje, li bay moun ki toutouni rad pou yo mete sou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 31:19Lè m' jwenn yon malere toutouni osinon yon pòv endijan san yon bout dra,
Proverbs 22:9Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l'.
Proverbs 31:20Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere.
Isaiah 58:7Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè yon frè nou toutouni, ba li rad pou li mete sou li. Pa refize lonje men bay frè parèy ou.
Luke 11:41Pito nou bay pòv tou sa ki nan gode nou yo ak nan plat nou yo. Lè sa a, anyen nan tou sa nou genyen p'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye.