Ezekiel 18:2
-Poukisa y'ap plede repete pwovèb sa a nan peyi Izrayèl la? Y'ap di: Papa ak manman manje rezen vèt, men se dan pitit yo ki gasi.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:
Cross References
Isaiah 3:15Nou pa gen dwa kraze pèp mwen an konsa. Nou pa gen dwa pwofite konsa sou pòv yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki pale.
Jeremiah 31:29Lè sa a, pesonn p'ap di ankò: Papa ak manman te manje rezen vèt, se dan timoun yo ki gasi.
Ezekiel 6:2-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon mòn peyi Izrayèl yo. Bay moun yo mesaj mwen ba ou pou yo a.
Ezekiel 17:12-Pale ak bann moun tèt di sa yo. Mande yo si yo konprann sans parabòl la. Di yo konsa: Wa lavil Babilòn lan te vini lavil Jerizalèm, li pran wa a ansanm ak tout chèf li yo, li mennen yo ansanm avè l' lavil Babilòn.
Ezekiel 36:1Seyè a di ankò: -Koulye a, nonm o! Men mesaj pou ou bay mòn Izrayèl yo, koute sa Seyè a voye di nou.
Ezekiel 37:19W'a di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di nou: Mwen pral pran bout bwa ki kanpe pou Jozèf osinon Efrayim ansanm ak branch fanmi Izrayèl k'ap mache ak li yo, m'ap mete l' ansanm ak bout bwa Jida a. M'ap fè yo fè yon sèl bout bwa. Epi, m'ap kenbe yo nan men mwen.