Ezekiel 18:23
Eske nou kwè mwen ta renmen wè mechan an mouri? Se Seyè sèl Mèt la ki mande sa. Non! Mwen ta pito wè l' sispann fè sa ki mal pou l' ka viv.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Yo p'ap chonje tout peche li te konn fè yo. L'ap viv paske li te fè sa ki dwat.
Cross References
2 Samuel 14:14Nou tout gen pou mouri. Nou tankou dlo. Depi ou lage dlo atè, ou pa ka ranmase l' ankò. Lè yon moun fin mouri, li mouri nèt. Men, Bondye ta vle pou moun ki te kouri al chache pwoteksyon nan peyi etranje a tounen nan peyi l'.
Psalms 147:11Moun ki fè kè l' kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo.
Lamentations 3:33Li pa pran plezi nan fè nou soufri, ni nan ban nou lapenn.
Ezekiel 33:11Enben, ou menm w'a di yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a k'ap pale! Men sa mwen di: Mwen pa pran ankenn plezi nan wè mechan yo mouri. Mwen ta pito wè yo sispann fè sa ki mal pou yo ka viv. Nou menm moun pèp Izrayèl yo, sispann fè sa nou pa dwe fè. Tounen vin jwenn mwen. Poukisa se lanmò n'ap chache konsa?
Micah 7:18Pa gen bondye tankou ou, ou menm ki padonnen mechanste ti rès ki rete nan pèp ou a, ou menm ki pa gade sou sa yo fè ki mal. Ou pa fache pou tout tan. Ou pran tout plezi ou nan gen pitye pou moun.
Luke 15:10Konsa tou, m'ap di nou sa, gen kontantman nan mitan zanj Bondye yo pou yon sèl moun ki t'ap viv nan peche epi ki tounen vin jwenn Bondye.