Ezekiel 18:24
Men, si yon moun ki mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l' nan fè sa ki mal ak tout lòt vye bagay derespektan mechan yo ap fè a, nan kondisyon sa a èske li ka viv toujou? Non. Yo p'ap chonje tout byen li te konn fè yo. L'ap mouri paske li pa t' kenbe pawòl li, paske li fè sa ki mal.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 15:11-Mwen règrèt mwen te fè Sayil wa. Li vire do ban mwen. Li pa fè sa mwen ba li lòd fè. Samyèl pa t' kontan, li fè tout nwit lan ap lapriyè nan pye Seyè a.
2 Chronicles 24:17Mouri Jeojada mouri, chèf peyi Jida yo vin jwenn wa a, yo bese tèt jouk atè devan li. Wa a koute konsèy yo.
Psalms 125:5Men, kanta pou moun ki vire do ba ou yo pou swiv chemen kwochi, se pou ou disparèt yo ansanm ak tout moun k'ap fè mechanste. Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la.
Proverbs 21:16Lè yon moun pèdi chemen l' pou l' aji tankou moun fou, se lanmò k'ap fè li siyon.
Ezekiel 18:10Si nonm sa a ta rive fè yon pitit ki soti yon lwijanboje, ki renmen mete san moun deyò, epi k'ap mache fè tou sa
Ezekiel 18:22Yo p'ap chonje tout peche li te konn fè yo. L'ap viv paske li te fè sa ki dwat.