Ezekiel 18:31
Vire do bay tout vye peche nou te konn fè yo. Chanje kè nou, chanje lide nou. Poukisa atò, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou n'ap chache lanmò konsa?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 30:15Gade. Jòdi a mwen mete devan nou lavi ak benediksyon yon bò, lanmò ak madichon yon bò. Se nou ki pou chwazi.
Psalms 34:14(034:15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.
Proverbs 8:36Men moun ki vire do ban mwen ap fè tèt yo mal. Moun ki rayi m', se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.
Isaiah 30:22N'a pran estati zidòl nou yo ki kouvri ak ajan ansanm ak lò sou tout kò yo pou bagay k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye, n'ap voye yo jete tankou vye bagay sal, n'a di yo: Soti devan je nou!
Jeremiah 4:4Nou menm ki pote mak kontra m' lan nan kò nou, kenbe kontra nou fè avè m' lan. Louvri kè nou ban mwen, nou menm moun peyi Jida ak moun Jerizalèm. Si nou pa fè sa, m'ap fè kòlè. Tankou yon dife, m'ap boule nou, poutèt tout move bagay nou fè yo. Lè sa a, pesonn p'ap ka sove nou anba men m'.
Jeremiah 27:15Se Seyè a menm ki di se pa li menm ki voye yo. Yo pran non l' pou ban nou manti. Si nou koute yo, m'ap mete nou deyò, m'ap fè nou mouri, ni nou ni pwofèt k'ap ban nou manti yo.