Ezekiel 18:32
Mwen pa ta renmen wè pesonn mouri. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. Tounen vin jwenn mwen epi n'a viv.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 55:7Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Seyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè.
Ezekiel 18:23Eske nou kwè mwen ta renmen wè mechan an mouri? Se Seyè sèl Mèt la ki mande sa. Non! Mwen ta pito wè l' sispann fè sa ki mal pou l' ka viv.
Zechariah 1:3Men koulye a, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, men sa m' voye di nou: Tounen vin jwenn mwen, m'a tounen vin jwenn nou tou. Se vre wi sa m'ap di nou la a.