Ezekiel 18:7
Li pa pwofite sou pesonn, li pa bay pesonn koutba, li renmèt garanti moun te ba li pou lajan li prete yo. Li bay moun ki grangou yo manje, li bay moun ki toutouni yo rad pou mete sou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 22:21Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi nou. Piga nou peze yo non plis, paske nou menm, chonje nou te etranje tou nan peyi Lejip.
Exodus 22:26Si yon nonm plane levit li lakay ou pou ou prete l' yon ti kòb, se pou ou renmèt li rad li anvan solèy kouche.
Leviticus 19:15Piga nou fè lenjistis lè nou nan tribinal. Piga nou fè patipri pou pòv. Piga nou achte figi grannèg. N'a rann jistis pou tout frè parèy nou san fè paspouki.
Deuteronomy 15:7Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp Izrayèl parèy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Seyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite.
Deuteronomy 24:17Pa fè ankenn moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou lenjistis. Respekte dwa timoun ki san papa. Pa pran rad yon vèv an garanti pou lajan nou prete l'.
Nehemiah 5:10Moun lakay mwen yo ansanm ak moun pa m' yo tou, ak mwen menm tou, nou te prete yo lajan ak ble. Nou p'ap mande yo pou yo renmèt nou sa yo dwe nou.