Ezekiel 19:10
Manman ou te tankou yon pye rezen plante bò kannal dlo. Pye rezen an te chaje ak fèy, li t'ap donnen anpil paske li te jwenn kont dlo li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 8:7Men, Seyè a, Bondye nou an, ap mennen nou nan yon bèl peyi, yon peyi kote ki gen anpil rivyè, anpil sous dlo, anpil dlo anba tè k'ap pete nan fon yo ak sou flan mòn yo,
Psalms 80:8(080:9) Ou rache yon pye rezen nan peyi Lejip, ou mete anpil nasyon deyò, ou plante l' nan plas yo.
Isaiah 5:1Mwen pral chante yon chante pou nou, yon chante sou zanmi m' ak jaden rezen l' lan. Zanmi m' lan te gen yon jaden rezen, sou tèt yon ti mòn ki te gen yon bon venn tè.
Ezekiel 17:6Ti plan an pran, li fè yon bèl pye rezen ki pa twò wo. Branch li yo grandi, yo moute nan direksyon malfini an, men rasin li yo menm desann fon anba tè. Li bay yon bèl pye rezen ak anpil branch plen fèy.
Hosea 2:2Pitit mwen yo, pale ak manman nou. Paske li pa madanm mwen ankò. Mwen pa mari l' non plis. Pale avè l' pou l' sispann sèvi tankou jennès, pou l' wete nan kòsaj li bann zidòl li renmen anpil yo.
Matthew 21:33Koute yon lòt parabòl. Vwala se te yon nonm ki te gen anpil tè. Li plante yon jaden rezen. Li fèmen l' ak yon lantouraj, li fouye yon basen pou krase rezen yo. Li bati yon kay pou moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li avèk kèk moun pou okipe jaden an pou li, lèfini li pati, li al nan vwayaj.