Ezekiel 19:11
Li pouse gwo branch. Branch yo tounen baton kòmandman wa. Pye rezen an grandi, li rive depase tèt tout lòt bwa yo. Tout moun t'ap gade jan li te wo, jan li te gen anpil branch.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 24:7Lame pèp Izrayèl la ap fè nasyon yo tranble. Pèp Izrayèl la ap donminen sou anpil lòt pèp. Wa li yo ap pi fò pase wa Agag, Y'ap gouvènen sou anpil nasyon.
1 Kings 5:1Iram, wa peyi Tir, te toujou yon bon zanmi wa David. Lè li vin konnen se Salomon ki te vin moute wa nan plas David, papa l', li voye kèk chèf bò kote l'.
Ezra 5:11Men sa yo reponn nou: Yo menm, se sèvitè Bondye ki kreye syèl la ak latè a yo ye. Y'ap rebati yon tanp yon gran wa peyi Izrayèl la te bati nan tan lontan kite pou yo.
Psalms 80:15(080:16) vin sove pye rezen ou menm ou te plante a, ti pye rezen ou fè tounen yon gwo pyebwa a.
Psalms 110:2Seyè a va fè ou dominen sou peyi ki lòt bò fwontyè peyi Siyon. Li di ou: -Gouvènen sou tout lènmi ou yo.
Ezekiel 19:12Men, yo move sou li, yo derasinen l', yo jete l' atè. Van lès koule tout donn li yo, li kase tout gwo branch li yo. Branch yo cheche, yo boule nan dife.