Ezekiel 19:3
Li pran yonn nan pitit li yo, li fè l' tounen yon jenn mal lyon. Jenn lyon an aprann jan pou l' kouri dèyè bèt pou l' manje. Li tanmen devore moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 23:34Apre sa, li pran Elyakim, pitit Jozyas, li mete l' wa nan plas papa l'. Lè sa a, li chanje non Elyakim, li rele l' Jojakim. Lèfini, li pran Joakaz, li mennen l' nan peyi Lejip. Se la Joakaz mouri.
Ezekiel 19:6Li t'ap pwonmennen nan mitan lòt lyon yo, li tounen yon jenn mal lyon. Li aprann jan pou l' kouri dèyè bèt pou l' manje. Li tanmen devore moun.
Ezekiel 32:2-Nonm o! Chante yon chante pou plenn sò farawon an, wa peyi Lejip la. Ba l' mesaj sa a pou mwen: Ou pran pòz lyon ou nan mitan lòt nasyon yo. Men pou di vre, ou tankou yon gwo kayiman k'ap benyen nan larivyè a. Ou leve tout fon dlo a ak pat ou yo, ou sal tout dlo a.