Ezekiel 19:7
Li demoli fò yo. Li sakaje lavil yo. Chak fwa li gwonde, moun k'ap viv nan peyi a gen kè sote.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 23:33Farawon Neko fèmen l' nan prizon lavil Ribla nan zòn Amat, pou li pa gouvènen nan lavil Jerizalèm anko. Lè sa a tou, farawon an fè peyi Jida soumèt devan l'. Li fòse peyi a ba li sètmil senksan (07.500) liv ajan ak swasannkenz liv lò.
Proverbs 28:3Yon pòv k'ap peze pi pòv pase l', se tankou yon gwo lapli ki gate tout jaden nèt.
Jeremiah 22:17Men ou menm, yon sèl bagay ou wè, yon sèl bagay ou konnen, se enterè pa ou ase. Se konsa w'ap touye inonsan. W'ap maltrete pèp la, w'ap maspinen l'. Se Seyè a menm ki di sa.
Ezekiel 22:25Chèf ki rete nan peyi a tankou lyon k'ap gwonde bò yon bèt yo fin touye. Yo devore moun, yo pran tout richès ak tout byen yo jwenn. Se pa de fanm yo kite san mari.
Ezekiel 34:4Nou pa bay sa ki mèg yo manje pou yo pran fòs. Nou pa swen sa ki malad yo. Nou pa mete renmèd sou sa ki blese yo. Nou pa fè sa ki te soti nan bann yo tounen nan plas yo. Nou pa al chache sa ki te pèdi yo. Lekontrè, nou sèvi ak pozisyon chèf nou an pou n' kraze yo, pou n' maltrete yo.
Micah 1:2Koute byen, nou menm tout nasyon yo. Pare zòrèy nou, nou tout k'ap viv sou latè. Seyè a, Bondye a, pral akize nou. Tande! Li rete nan tanp ki apa pou li a, l'ap pale.